Exodus 15:21
Miryam t'ap chante pou yo, li t'ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 15:4Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l' a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.
1 Samuel 18:7Medam yo t'ap fè fèt, yo t'ap danse, yo t'ap di: -Sayil desann mil. David desann dimil.
Psalms 24:7Wete lento pòt yo! Louvri batan pòt yo gran louvri pou wa ki gen pouvwa a ka antre!
Isaiah 5:1Mwen pral chante yon chante pou nou, yon chante sou zanmi m' ak jaden rezen l' lan. Zanmi m' lan te gen yon jaden rezen, sou tèt yon ti mòn ki te gen yon bon venn tè.
Revelation 7:10Yo t'ap rele byen fò, yo t'ap di: Se Bondye nou an ki chita sou fòtèy la. Se li menm ansanm ak ti Mouton an ki vin delivre nou.
Revelation 15:3Yo t'ap chante chante Moyiz, sèvitè Bondye a, ansanm ak chante ti Mouton an Bondye, Mèt ki gen tout pouvwa, tou sa ou fè, se bèl bagay! Ou menm ki wa tout nasyon, plan travay ou yo dwat, se verite yo ye.