Exodus 15:20
Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l', tout medam yo t'ap mache dèyè l', yo t'ap bat tanbouren, yo t'ap danse.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 2:4Sè ti pitit la menm te rete kanpe yon ti distans pou l' wè sak tapral rive pitit la.
Numbers 12:2Yo t'ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t'ap di a.
Numbers 26:59Madan Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
Judges 11:34Lè Jefte tounen lakay li lavil Mispa, vwala se pitit fi li a ki te soti vin kontre l'. Li t'ap danse, li t'ap jwe tanbouren. Se te sèl pitit li te genyen. Li pa t' gen lòt pitit ankò, ni fi ni gason.
1 Samuel 10:5Apre sa, w'a moute sou ti mòn Bondye yo rele Gibeya a, kote yon lame moun Filisti moute ganizon yo. Lè w'ap antre nan lavil la, w'a kontre ak yon gwoup pwofèt k'ap desann soti bò lotèl ki sou ti mòn lan. Y'ap jwe gita, y'ap bat tanbou, y'ap jwe fif ak bandjo, y'ap danse, y'ap bay mesaj ki sot nan Bondye.
2 Samuel 6:5David ansanm ak tout moun pèp Izrayèl yo menm t'ap danse ak tout nanm yo. Yo t'ap chante fè lwanj Seyè a. Yo t'ap jwe gita ak bandjo. Yo t'ap bat tanbou, tanbouren ak senbal.