Exodus 16:10
Pandan Arawon t'ap pale ak tout moun pèp Izrayèl yo, yo vire tèt yo bò dezè a, yo wè pouvwa Bondye a parèt nan nwaj la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 24:16Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.
Exodus 40:35Moyiz pa t' kapab antre nan Tant Randevou a, paske nwaj la te rete anplas anwo tant lan, epi limyè prezans Seyè a te plen tant lan.
Leviticus 9:23Moyiz ak Arawon antre anndan Tant Randevou a. Lè yo soti, yo beni pèp la ankò. Se lè sa a pouvwa Seyè a parèt devan je pèp la.
Numbers 16:19Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.
1 Kings 8:10Lè prèt yo fè sa y'ap soti nan pyès apa pou Seyè a, nwaj la plen Tanp Seyè a nèt.