Exodus 24:16
Pouvwa Seyè a desann sou mòn Sinayi a. Nwaj kouvri mòn lan pandan sis jou. Sou setyèm jou a, Seyè a rete nan nwaj la, li rele Moyiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Moyiz moute sou mòn lan, epi nwaj kouvri mòn lan nèt.
Cross References
Exodus 19:11Se pou yo pare pou twazyèm jou a. Paske, sou twa jou mwen menm, Seyè a, m'ap desann sou mòn Sinayi a pou tout moun ka wè m'.
Exodus 24:17Pou moun pèp Izrayèl yo menm, pouvwa Seyè a te parèt tankou yon gwo dife ki t'ap boule sou tèt mòn lan.
Numbers 14:10Lè sa a, tout pèp la ranmase wòch pou yo kalonnen Jozye ak Kalèb. Men, lamenm pouvwa Bondye a parèt anwo Tant Randevou a, li fè tout pèp la wè l'.
Psalms 99:7Li rete nan poto nwaj la, li pale ak yo. Yo te obeyi lòd ak kòmandman li te ba yo.
2 Corinthians 4:6Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.