Exodus 17:14
Apre sa, Seyè a di Moyiz: -Ekri sa nan liv rejis la pou moun yo pa janm bliye batay sa a. W'a di Jozye konsa m'ap efase non Amalèk sou latè pou yo pa janm chonje l' ankò.
Bib La
In The King James Version
In Context
13Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.
15Moyiz bati yon lòtèl, li rele l': Seyè a se drapo m'.
Cross References
Exodus 12:14Jou sa a, se yon jou pou nou pa janm bliye. Se pou nou fete l' tankou yon fèt pou Seyè a, chak lè lè a va rive. Se pou nou pase yon lwa pou nou toujou fete fèt sa a, nou menm ak tout pitit pitit nou yo.
Exodus 24:4Moyiz ekri tou sa Seyè a te di l' yo. Nan denmen maten, byen bonè, lè Moyiz leve, li bati yon lòtèl nan pye mòn lan. Li pran douz gwo ròch, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, li mete yo kanpe.
Numbers 24:20Apre sa, Balaam wè moun Amalèk yo nan vizyon l' lan. Li bay mesaj sa a, li di konsa: -Moun Amalèk yo, se yon nasyon ki fò anpil. Men, bout pou bout, yo gen pou yo disparèt nèt.
Deuteronomy 25:17Pa janm bliye sa Amalèk te fè nou lè nou te sou wout nou ap soti nan peyi Lejip.
Deuteronomy 31:9Apre sa, Moyiz ekri tout lalwa a, epi li renmèt li bay prèt yo, moun fanmi Levi yo ki te reskonsab Bwat Kontra Seyè a, ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la.
1 Samuel 15:2Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a voye di ou: Li pral pini moun Amalèk yo paske yo te kenbe tèt ak pèp Izrayèl la lè yo t'ap moute soti peyi Lejip.