Exodus 17:9
Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
8Antan pèp Izrayèl la Refidim, moun Amalèk yo vin pou goumen ak yo.
Cross References
Exodus 4:2Seyè a mande l': -Kisa ou gen nan men ou la a? Moyiz reponn li: -Yon baton.
Exodus 17:13Jozye menm te bat Amalèk ak moun li yo byen bat, li touye yo anba kout nepe.
Exodus 24:13Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.
Numbers 11:28Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!
Numbers 13:16Se te non douz mesye Moyiz te voye al rekonèt peyi Kanaran an. Moyiz te chanje non Oze, pitit gason Noun lan, li rele l' Jozye.
Numbers 31:3Se konsa, Moyiz pale ak pèp la, li di yo konsa: -Pare kèk gason nan mitan nou pou y' al goumen, pou yo mache pran moun Madyan yo, fè yo peye sa yo fè Seyè a.