Numbers 11:28
Lè sa a Jozye, pitit gason Noun lan, ki te adjwen Moyiz nan tou sa l' t'ap fè depi li te jenn tibway, pran lapawòl, li pale ak Moyiz, li di l' konsa: -Msye Moyiz, fè yo sispann non!
Bib La
In The King James Version
In Context
27Yon jenn gason kouri al di Moyiz men Eldad ak Medad ap pale pawòl Bondye a byen fò nan kan an.
Cross References
Exodus 17:9Moyiz di Jozye konsa: -Chwazi kèk gason pou nou. Denmen w'a soti al goumen ak moun Amalèk yo. Mwen menm, m'a moute sou tèt ti mòn lan avèk baton Bondye te ban mwen an nan men mwen.
Exodus 33:11Seyè a te konn pale fasafas ak Moyiz tankou yon moun k'ap pale ak zanmi l'. Apre sa, Moyiz te tounen nan kan kote pèp la te enstale a. Men, te gen yon jenn gason yo te rele Jozye, pitit gason Noum lan, ki t'ap sèvi ak Moyiz. Li menm, li pa t' janm kite tant lan.
1 Chronicles 7:27ki te papa Noun. Noun te papa Jozye.
Luke 9:49Jan pran lapawòl, li di: Mèt, nou te wè yon nonm ki pran non ou pou chase move lespri. Nou te vle anpeche l' fè sa paske li pa t'ap mache avèk nou.