Exodus 18:21
Men, w'a chwazi nan mitan pèp la kèk moun ki kapab, moun ki gen krentif pou Bondye. Fòk se moun ou ka konte sou yo, moun ki p'ap kite lajan pran nanm yo. W'a mete yo chèf pou dirije pèp la, chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 42:18Sou twazyèm jou a, Jozèf di yo: -Men sa pou n' fè, si nou vle sove lavi nou: Mwen menm mwen se moun ki respekte Bondye.
Exodus 18:25Moyiz chwazi nan mitan pèp Izrayèl la kèk nèg ki kapab dirije pèp la, li mete yo chèf sou mil moun, chèf sou san moun, chèf sou senkant moun ak chèf sou dis moun.
Numbers 10:4Si se yon sèl twonpèt yo kònen, se tout chèf branch fanmi yo ase ki va reyini bò kote ou.
Deuteronomy 1:15Se konsa mwen pran nan chak branch fanmi nou yo moun ki gen lespri, moun ki konn lavi, mwen mete yo chèf pou dirije nou. Genyen mwen mete chèf sou mil gason, dòt sou san gason, dòt sou senkant gason, dòt ankò sou dis gason. Mwen te chwazi lòt chèf tou pou chak branch fanmi.
Joshua 22:14Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.
1 Samuel 8:12L'ap pran ladan yo pou mete chèf sou mil (01000) sòlda ak chèf sou senkant sòlda. Se yo ki pral pare tè nan jaden wa a pou li, se yo ki pral ranmase rekòt li yo pou li. Se yo ki pral fè zam pou li ak lòt lekipay l'ap bezwen pou cha lagè l' yo.