Exodus 18:22
Moun sa yo va toujou la pou sèvi jij pou pèp la. Lè y'a gen gwo zafè, y'a pote yo devan ou. Men lòt ti zafè, y'a regle sa yo menm. Konsa, chay la va pi lejè pou ou, paske y'a ede ou pote l'.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 18:18W'ap fin kraze kouraj ou ansanm ak kouraj pèp la ki la avè ou. Paske chay la twòp pou ou. Ou pa ka pote l' pou kont ou.
Leviticus 24:11Manman nonm lan te rele Chelomit. Se te pitit fi Dibri, yon moun nan branch fanmi Dann lan. Pandan yo t'ap joure a, nonm lan nonmen non Bondye mal. Nan koze a, li derespekte Bondye. Se konsa yo pran l' mennen bay Moyiz.
Numbers 15:33Moun ki te bare l' yo mennen l' bay Moyiz, Arawon ak tout moun pèp Izrayèl yo.
Numbers 36:1Moun branch fanmi Galarad yo se desandan Maki yo ye. Maki sa a se te pitit Manase, yonn nan de pitit Jozèf yo. Chèf fanmi moun Galarad yo al jwenn Moyiz ak lòt chèf branch fanmi pèp Izrayèl la,
Deuteronomy 17:8Si yo ta mennen ban nou yon ka ki twò difisil pou nou jije, tankou ka yon moun ki touye yon lòt, osinon ka moun k'ap diskite pou defann dwa yo ak enterè yo, ou ankò lè yon moun resevwa yon move kou nan kò l', ou nenpòt lòt ka ki ta prezante devan nou nan lavil kote nou rete a epi ki twò difisil pou nou jije l' nou menm, n'a leve, n'a moute kote Seyè a, Bondye nou an, te chwazi pou yo fè sèvis pou li a,
Romans 13:6Se poutèt sa tou, nou peye lajan kontribisyon yo, paske anplwaye leta yo se nan sèvis Bondye yo ye, se pou yo fè travay la byen.