Exodus 19:13
y'a kalonnen l' kout ròch osinon y'a pèse l' ak kout flèch jouk li mouri, san pesonn p'ap bezwen manyen li ak men yo. Kit se yon moun, kit se yon bèt, se pou yo touye l'. Lè y'a tande kòn lan kònen, se lè sa a y'a moute sou mòn lan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:16Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Exodus 21:28Lè yon bèf touye yon gason osinon yon fanm ak koutkòn, se pou yo touye l' ak koutwòch. Se pa pou yo manje vyann lan, ni yo pa bezwen fè mèt bèf la peye anyen.
Leviticus 20:15Si yon nonm kwaze ak yon zannimo, se pou yo touye l', li menm ansanm ak zannimo a. Wi, se pou yo touye yo.
1 Corinthians 15:52anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
Hebrews 12:20Yo pa t' kapab sipòte lòd li te ba yo lè li te di: Menm si se yon bèt ki mete pye l' sou mòn sa a, se pou yo touye l' ak kout wòch.