Exodus 19:16
Sou twazyèm jou a vre, nan granmaten, loraj t'ap gwonde sou mòn lan. Te gen zèklè ak yon gwo nwaj byen pwès sou mòn lan tou. Yon twonpèt t'ap kònen byen fò. Tout moun t'ap tranble kou fèy bwa kote yo te ye a, sitèlman yo te pè.
Bib La
In The King James Version
In Context
15Apre sa, Moyiz di yo: -Pare nou pou apre denmen. Pa kouche ak ankenn fanm.
17Moyiz fè pèp la soti kote yo te moute tant yo a pou y al kontre Bondye. Yo rete nan pye mòn lan.
Cross References
Exodus 9:28Lapriyè Seyè a pou l' fè loraj la sispann, pou l' fè lagrèl la rete. Mwen pwomèt pou m' kite nou ale. Nou pa bezwen rete ankò.
Exodus 20:18Lè pèp la tande bri loraj la ak son twonpèt la, lè yo wè kout zèklè sou kout zèklè, ak mòn lan ki t'ap pouse lafimen, yo tranble sitèlman yo te pè. Yo ret kanpe byen lwen.
Exodus 40:34Nwaj la kouvri Tant Randevou a, epi limyè prezans Seyè a plen tant lan.
1 Samuel 12:17Nou pa nan sezon lapli, pa vre? Nou nan sezon chechrès, sezon pou ranmase ble nan jaden nou? Bon! Mwen pral lapriyè Seyè a, li pral voye loraj ak lapli. Lè sa a, n'a konnen, n'a wè ki kalite gwo peche nou te fè devan Seyè a, lè nou te mande yon wa pou gouvènen nou.
Job 37:1Lè konsa, kè m' ap bat. M' santi l'ap rache.
Psalms 18:11(018:12) Li te kache kò l' nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès, plen dlo, te vlope l' toupatou.