Exodus 19:24
Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Moyiz desann bò kote pèp la, li di yo tout bagay.
Cross References
Exodus 19:12W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.
Exodus 24:1Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.
Leviticus 10:3Lè sa a, Moyiz di Arawon: -Men sa Seyè a t'ap di nou an wi lè l' te di: Moun k'ap sèvi m' fèt pou respekte m'. M'a fè pèp la konnen pouvwa mwen! Arawon pa di anyen.
Matthew 11:12Depi sou tan Jan Batis jouk jòdi a, Peyi Wa ki nan syèl la anba gwo goumen. Se moun ki konn goumen k'ap antre ladan l'.
Luke 16:16Kòmandman Moyiz ak liv pwofèt yo te gen fòs lalwa jouk tan Jan Batis te rive. Men, depi lè sa a, se anonse y'ap anonse bon nouvèl peyi kote Bondye Wa a, se nan goumen pou moun antre ladan li.
Romans 4:15Poukisa? Paske lalwa rale kòlè Bondye sou moun. Men, kote ki pa gen lalwa, moun pa ka dezobeyi lalwa.