Exodus 2:24
Bondye tande rèl yo, li vin chonje kontra li te pase ak Abraram ak Izarak epi ak Jakòb.
Bib La
In The King James Version
In Context
25Bondye te wè nan ki sitiyasyon moun pèp Izrayèl yo ye, li pran kòz yo nan men l'.
Cross References
Genesis 15:14Men, apre sa, m'ap pini nasyon ki va pran yo fè esklav la. Konsa, lè lè a va rive pou yo kite peyi sa a, y'a soti avèk anpil anpil richès.
Genesis 17:7M'ap kenbe kontra m' lan avè ou, avèk tout ras ou. De pitit an pitit, se va yon kontra k'ap la pou tout tan. Se mwen k'ap Bondye ou, se mwen k'ap Bondye pitit pitit ou yo tou.
Genesis 26:3W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.
Genesis 28:12Li fè yon rèv. Li reve li wè yon nechèl ki te kanpe de pye l' atè ak tèt li pèdi nan syèl la. Zanj Bondye yo t'ap moute desann sou nechèl la.
Genesis 32:28Nonm lan di l': -Yo p'ap rele ou Jakòb ankò. Y'ap rele ou Izrayèl, paske ou goumen ak Bondye, ou goumen ak moun, se ou menm ki genyen batay la.
Genesis 35:12Peyi mwen te bay Abraram ak Izarak la, m'ap ba ou li tou. Apre sa, m'ap bay pitit pitit ou yo li.