Exodus 20:13
Piga nou touye moun.
Bib La
In The King James Version
In Context
12Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Cross References
Genesis 9:5Konprann sa byen: si yon moun touye nou, m'ap fè l' rann mwen kont. M'ap fè tout bèt ki touye nou rann mwen kont. tout moun ki touye moun parèy yo gen pou rann mwen kont.
Exodus 21:14Men, si yon moun chache yon lòt kont, epi li fè plan pou li touye l', li te mèt al kache bò kote lòtèl mwen an, se pou n al pran l' pou nou touye l'.
Exodus 21:29Men, si se pa premye fwa bèf la atake moun, si yo te pale mèt li men mèt li pa t' fè anyen pou sa, si bèf la touye yon gason osinon yon fanm, nan ka sa a y'ap toujou touye bèf la ak koutwòch, epi y'a touye mèt la tou pou pini l'.
Numbers 35:16Si yon moun frape yon lòt ak yon bout fè epi li touye l', se ansasen li ye, se pou yo touye l' tou.
Deuteronomy 19:11Men, si yon moun rayi yon lòt, epi li pran veye l' jouk li tonbe sou li, li ba l' kou jouk li touye l', epi apre sa, li kouri al kache nan yonn nan lavil sa yo,
2 Kings 21:16Manase pa sèlman lakòz pèp Jida a fè sa li pa t' dwe fè avèk tou sa li menm li t'ap fè ki mal nan je Seyè a, li fè pi rèd toujou. Li sitèlman touye moun inonsan, tout lari lavil Jerizalèm te plen san.