Exodus 20:12
Respekte manman nou ak papa nou pou nou ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 48:12Jozèf wete timoun yo sou jenou Izrayèl, epi li bese tèt li jouk atè devan papa l'.
Exodus 21:15Si yon moun leve men l' sou papa l' osinon sou manman l', se pou yo touye l'.
Leviticus 19:3Se pou nou tout respekte manman ak papa nou. Se pou nou respekte regleman jou repo mwen yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Deuteronomy 4:26Si nou fè bagay konsa, men m'ap pran syèl la ak latè a pou temwen pou yo tande sa m'ap di nou jòdi a: N'ap rete konsa, n'ap disparèt nan peyi nou pral pran pou nou lòt bò larivyè Jouden an. Nou p'ap rete lontan nan peyi a, paske nou tout pral disparèt nèt.
Deuteronomy 5:16Respekte manman nou ak papa nou jan Seyè a, Bondye nou an, te pase nou lòd la, pou nou ka viv lontan ak kè kontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
Deuteronomy 25:15N'a toujou sèvi ak bon mezi, san wete san mete. Se konsa n'a ka viv lontan nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an.