Exodus 20:2
-Se mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, ki te fè nou soti nan peyi Lejip kote nou te esklav la.
Bib La
In The King James Version
In Context
3Piga nou gen lòt bondye pase mwen menm sèlman.
Cross References
Exodus 10:1Seyè a di Moyiz ankò: -Ale bò kot farawon an. Se mwen menm ki fè l' gen tèt di, li menm ansanm ak moun pa l' yo, pou m' fè yo wè mèvèy mwen ka fè nan mitan yo.
Exodus 13:14Denmen, lè pitit gason nou yo va mande nou poukisa nou fè sa, n'a di yo: Se paske se ak fòs ponyèt li Seyè a te fè nou soti kite peyi Lejip kote yo te fè nou tounen esklav la.
Leviticus 11:45Se mwen menm, Seyè a, se mwen menm ki te mennen nou soti kite peyi Lejip pou m' te ka Bondye nou. Wi, se pou nou viv apa pou mwen, paske mwen se yon Bondye apa.
Leviticus 23:43Konsa, pitit pitit nou yo va konnen mwen menm, Seyè a, mwen te fè pèp Izrayèl rete anba joupa lè mwen te fè yo soti kite peyi Lejip la. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an!
Leviticus 25:42Paske se esklav mwen nou ye, se mwen menm ki te fè nou soti kite peyi Lejip. Yo pa gen dwa vann nou pou fè nou sèvi esklav lòt moun.
Leviticus 26:1Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.