Exodus 20:24
N'a bati yon lòtèl an tè pou mwen. Se sou li n'a ofri bèt n'a touye pou boule nèt yo ak bèt n'a touye pou di mèsi. Se sou li n'a ofri mouton ak bèf nou yo. Chak kote m'a di nou pou nou fè sèvis pou mwen, m'a vin jwenn nou la, m'a beni nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
23Piga n al fè lòt bondye an ajan osinon an lò pou nou sèvi yo ansanm avè m'.
Cross References
Genesis 12:2M'ap ba ou anpil pitit pitit. Y'a tounen yon gwo nasyon. m'a beni ou. Y'a nonmen non ou toupatou; w'a sèvi yon benediksyon pou tout moun.
Leviticus 1:1Seyè a rete nan Tant Randevou a, li rele Moyiz, li di l' konsa:
Numbers 6:24Se pou Seyè a beni nou, se pou l' pran swen nou.
Deuteronomy 12:5Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Deuteronomy 12:21Lè kote Seyè a chwazi pou yo fè sèvis pou li a twò lwen pou nou ale, n'a gen dwa touye bèf, kabrit ak mouton Seyè a va ban nou, jan mwen te di nou pou nou fè l' la. N'a gen dwa manje vyann lakay nou lè nou vle, kantite nou vle.
Deuteronomy 16:5Nou p'ap gen dwa touye bèt nou ofri pou delivrans lan nan ankenn lavil Seyè a va ban nou pou nou rete.