Deuteronomy 12:5
Se Bondye menm ki pral chwazi yon kote pou l' rete nan mitan pèp la, kote pou yo fè sèvis pou li. Se la n'a vin jwenn Seyè a, Bondye nou an.
Bib La
In The King James Version
In Context
4Nou pa fèt pou nou sèvi Seyè a, Bondye nou an, jan moun sa yo te konn sèvi bondye yo.
Cross References
Exodus 25:22Se la m'a toujou kontre avè ou. m'a rete anwo kouvèti a, nan mitan de zanj cheriben yo, m'a ba ou tout lòd mwen gen pou m' ba ou yo pou moun Izrayèl yo.
Numbers 7:89Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.
Deuteronomy 12:13Piga nou ofri bèt nou yo pou mwen nenpòt kote nou wè yo te mete apa pou lòt bondye yo.
Deuteronomy 14:23Apre sa, nou va ale kote Seyè a te chwazi pou fè sèvis pou li a. Epi la, devan Seyè a, n'a manje ladim farin nou, ladim diven nou ak ladim lwil oliv nou ansanm ak premye pitit bèf, premye pitit mouton ak premye pitit kabrit nou yo. Se konsa n'a aprann pou nou toujou gen krentif pou Seyè a.
Deuteronomy 16:2Pou fèt delivrans lan, n'a ofri bèf, kabrit ak mouton pou yo touye pou Seyè a, Bondye nou an, kote li te chwazi pou yo adore l' la.
Deuteronomy 16:7N'a kwit vyann bèt nou te ofri a epi n'a manje l' kote Seyè a te chwazi a. Apre sa, nan maten, n'a vire do nou, n'a tounen lakay nou.