Exodus 20:5
Piga nou adore yo, ni piga nou sèvi yo. Paske mwen menm, Seyè a, Bondye nou an, mwen se yon Bondye ki fè jalouzi. Lè yon moun rayi m', mwen fè pitit li, pitit pitit li ak pitit pitit pitit li yo peye sa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:6Seyè a pase devan Moyiz, li pale byen fò, li di: -Seyè a, Seyè a se yon Bondye ki gen pitye pou moun, yon Bondye ki gen bon kè. Li pa fè kòlè fasil, li p'ap janm sispann renmen, l'ap toujou kenbe pawòl li.
Exodus 34:14Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.
Leviticus 26:1Seyè a di: -Nou pa gen dwa fè zidòl, nou pa gen dwa fè estati, ni mete wòch kanpe. Nou pa gen dwa pran wòch pou fè desen sou li, lèfini pou n' mete l' kanpe yon kote nan peyi a pou nou adore yo. Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an.
Leviticus 26:39Moun ki rete nan sa yo te depòte yo va depafini nan peyi lènmi nou yo, paske y'a peye pou peche zansèt yo ak pou pwòp peche pa yo.
Numbers 14:33Pitit nou yo pral moute desann nan tout dezè a. Pandan karant lanne, y'a peye pou vire nou te vire do ban mwen an, jouk nou tout nèt n'a fin mouri nan dezè a.
Deuteronomy 4:24Paske Seyè a, Bondye nou an, se yon Bondye ki fè jalouzi anpil, li tankou yon dife k'ap boule tout bagay kote l' pase.