Exodus 20:6
Men, lè yon moun renmen m', lè li fè sa m' mande l' fè, m'ap moutre l' jan mwen renmen l' tou ansanm ak tout pitit pitit li yo pandan mil jenerasyon.
Bib La
In The King James Version
And shewing mercy unto thousands of them that love me, and keep my commandments.
In Context
Cross References
Deuteronomy 4:37Li te renmen zansèt nou yo, li te chwazi pitit pitit yo apre yo, kifè li te fè yo santi li la ak yo, li fè yo wè gwo pouvwa li, li fè yo soti kite peyi Lejip.
Deuteronomy 7:9Se pou nou rekonèt Seyè a, Bondye nou an, se sèl Bondye ki genyen, sèl Bondye k'ap toujou kenbe pawòl li. Wi, l'ap toujou kenbe kontra li pase a. L'ap toujou renmen moun ki renmen l', moun ki fè tou sa l' mande yo fè, de pitit an pitit, pandan mil jenerasyon.
Daniel 9:4Mwen lapriyè nan pye Seyè a, Bondye mwen an. Mwen louvri kè m' ba li, mwen mande l' padon pou pèp mwen an. Mwen di: -Seyè, Bondye, ou gen gwo pouvwa, tout moun fèt pou gen krentif pou ou. Ou kenbe pwomès ou, ou pa janm sispann renmen moun ki renmen ou epi ki kenbe kòmandman ou yo.
John 14:21Moun ki asepte kòmandman m' yo, ki obeyi yo, se moun sa a ki renmen mwen. Papa m' va renmen moun ki renmen mwen. Mwen menm tou, m'a renmen l', epi m'a fè l' wè mwen.
Romans 11:28Jwif yo tounen lènmi Bondye paske yo derefize asepte Bon Nouvèl la. Men, se te pou byen nou, nou menm moun lòt nasyon yo. Men, Bondye toujou renmen yo poutèt zansèt yo, paske se Bondye menm ki te chwazi yo.
1 John 5:3Nou renmen Bondye, lè nou fè tou sa li mande nou fè. Sa Bondye mande nou fè yo pa twò difisil pase sa.