Exodus 21:20
Lè yon moun leve men l' sou yon esklav li, kit se gason, kit se fi, pou ba li koutbaton, si esklav la mouri frèt, se pou yo pini mèt la.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 4:24Si yon moun touye Kayen y'ap fè l' peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m', mwen menm Lemèk, y'ap fè l' peye sa swasanndisèt fwa.
Exodus 21:26Lè yon moun frape yon esklav li nan je, kit se yon gason, kit se yon fanm, si esklav la pèdi je a, mèt la va ba li libète l' pou dedomajman pou je a.
Numbers 35:30Lè yon moun touye yon lòt, anvan yo touye l', se pou yo gen depozisyon divès temwen kont li. Depozisyon yon sèl temwen pa kont pou kondannen yon moun.
Proverbs 29:19Pale anpil p'ap korije esklav. Menm lè li konprann, se pa sa k'ap fè l' obeyi.
Romans 13:4Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.