Romans 13:4
Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Joshua 20:5Si moun k'ap chache tire revanj yo rive jouk la deyè l', chèf fanmi lavil la p'ap renmèt yo nonm lan, paske se pa espre li te fè lè l' te touye moun menm ras ak li a. Li pa t' gen anyen avè l'.
1 Kings 10:9Lwanj pou Seyè a, Bondye ou la! Li moutre jan li kontan avè ou. Li mete ou wa peyi Izrayèl la. Li menm ki renmen peyi Izrayèl la pou tout tan, li mete ou wa pou ou ka kenbe peyi a nan lòd, nan bon chemen san patipri.
Psalms 82:2Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo?
Proverbs 20:2Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k'ap gwonde. Moun ki mete l' ankòlè a, se pwòp tèt li l'ap fè mal.
Proverbs 20:26Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L'ap san pitye lè l'ap pini yo.
Proverbs 31:8Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.