Exodus 23:29
Mwen p'ap fè yo ale tout ansanm yon sèl kou, yon sèl lanne, pou peyi a pa tounen savann, pou bèt nan bwa yo pa vin twòp pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
28m'a voye gwo gèp devan nou, y'a fè moun Evi yo, moun Kanaran yo ak moun Et yo kouri byen lwen nou.
30Men, piti piti m'ap mete yo deyò, jouk n'a gen plis moun pou nou ka pran tout peyi a pou nou.
Cross References
Deuteronomy 7:22Seyè a, Bondye nou an, va mete nasyon sa yo deyò devan nou, yonn apre lòt. Nou p'ap ka detwi yo tout yon sèl kou. Paske si nou fè l', bèt nan bwa ka anvayi peyi a, epi sa pa ta bon pou nou.
Joshua 16:10Men yo pa t' rive mete moun Kanaran ki te rete lavil Gezè yo deyò. Se konsa, jouk jòdi a moun Kanaran yo ap viv nan mitan moun Efrayim yo. Men, yo te fòse moun Kanaran yo fè kòve pou yo.
Judges 3:1Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an.