Exodus 23:8
Lè n'ap sèvi temwen nan yon kòz, pa pran lajan anba nan men moun, paske lajan konsa bouche je nou, li fè nou pa wè kote jistis la ye. Li fè moun ki pa antò a pèdi kòz li.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Deuteronomy 10:17paske Seyè a, Bondye nou an, se li menm ki Bondye anwo tout bondye, se li menm ki chèf sou tout chèf. Li gen pouvwa, li gen fòs, li fè moun respekte l'. Li pa nan paspouki, li pa kite yo achte figi l' avèk kado y'ap ofri ba li.
1 Samuel 8:3Men yo pa t' swiv egzanp papa yo. Yon sèl bagay ki te enterese yo se te fè lajan. Yo te konn pran lajan sou kote nan men moun pou regle zafè pou yo. Yo t'ap fè patipri.
Psalms 26:10ansanm ak moun sa yo k'ap fè krim tout tan, ki toujou pare pou achte bouch moun.
Proverbs 17:8Moun ki sèvi ak lajan pou pran tèt moun konprann lajan se wanga. Yo kwè se pou yo reyisi nan tou sa y'ap fè.
Proverbs 19:4Lè ou gen lajan, ou toujou gen zanmi. Men lè ou pòv, dènye zanmi vire do ba ou.
Isaiah 1:13Nou mèt sispann fè bann ofrann sa yo ki p'ap sèvi nou anyen. Mwen pa ka sipòte lafimen lansan n'ap ofri m' lan. Mwen pa vle wè fèt lalin nouvèl nou yo, jou repo nou yo ak tout lòt reyinyon n'ap fè yo. M' pa ka sipòte fèt moun k'ap fè mechanste yo ap fè pou mwen.