Exodus 24:11
Seyè a pa t' fè chèf pèp Izrayèl yo anyen. Se konsa yo te wè Bondye. Aprè sa, yo manje epi yo bwè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 18:18Pitit pitit li yo pral tounen yon gwo nasyon ki va gen pouvwa. Gremesi Abraram, tout nasyon sou latè pral jwenn benediksyon.
Genesis 32:24Men li menm, li te rete pou kont li dèyè. Lè sa a, gen yon moun ki mare batay ak li, yo goumen jouk devanjou.
Exodus 18:12Apre sa, Jetwo, bòpè Moyiz la, ofri bèt pou yo touye pou di Bondye mèsi. Li ofri bèt pou yo boule nèt pou Seyè a. Arawon ansanm ak tout chèf fanmi pèp Izrayèl la te vin manje ak bòpè Moyiz la nan manje yo t'ap manje devan Bondye a.
Exodus 24:1Apre sa, Bondye di Moyiz: -Moute sou mòn lan bò kote m' ansanm ak Arawon, Nadab, Abiyou ak swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl la. N'a rete yon distans, n'a bese tèt nou jouk atè pou adore m'.
Exodus 33:20Seyè a pale ankò, li di-Ou p'ap kapab wè figi m', paske ankenn moun sou latè pa kapab wè figi m' pou l' kontinye ap viv apre sa.
Deuteronomy 4:33Eske janm gen yon pèp ki te tande Bondye rete nan mitan dife pou pale ak yo, jan nou menm nou te tande l' la, epi ki pa mouri apre sa?