Exodus 24:2
Apre sa, Moyiz va pwoche pou kont li, l'a vin bò kote m'. Piga lòt yo pwoche. Pèp la menm pa pou moute avè yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:12W'a mete yon limit toutalantou mòn lan pou pèp la pa depase. W'a avèti yo pou yo pa moute sou mòn lan, ni pou pesonn pa menm pwoche bò pye mòn lan. Nenpòt moun ki va mete pye sou mòn lan, se pou yo touye l'.
Exodus 24:13Moyiz leve ansanm ak Jozye, adjwen li a, yo moute sou mòn Bondye a.
Exodus 24:18Moyiz antre nan mitan nwaj la, li moute sou mòn lan. Moyiz pase karant jou ak karant nwit sou mòn lan.
Jeremiah 30:21Se yonn nan nou ki va chèf nan peyi a. Wi, se nan mitan nou yon chèf va soti pou gouvènen nou. L'a vin jwenn mwen lè m'a rele l'. Paske pesonn p'ap pran chans vin jwenn mwen si mwen pa rele l'. Se Seyè a ki di sa.
Hebrews 9:24Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.