Hebrews 9:24
Kris la pa t' antre nan yon kay moun te bati pou Bondye sou modèl kay Bondye a. Li antre nan syèl la menm, kote li kanpe koulye a devan Bondye pou nou.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:12W'a moute yo sou de zèpòlèt jile a pou yo pa bliye branch fanmi pèp Izrayèl yo. Konsa, Arawon va pote non yo sou zepòl li pou Seyè a pa janm bliye yo.
Psalms 68:18(068:19) Ou moute anwo, ou mennen anpil prizonye ale avè ou. Yo fè ou kado anpil moun, menm moun ki te leve dèyè ou yo.
Mark 14:58-Nou te tande l' di: m'a kraze tanp moun te fè a, epi nan twa jou m'a bati yon lòt tanp moun pa ka fè.
Luke 24:51Antan l'ap beni yo konsa, li separe ak yo, li moute nan syèl la.
John 6:62Kisa n'a di lè n'a wè Moun Bondye voye nan lachè a tounen moute kote l' te ye anvan an?
Acts 1:9Apre li fin di yo sa, li moute nan syèl. Antan yo t'ap gade li, yon nwaj vin bouche l' devan je yo.