Exodus 25:18
W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,
Bib La
In The King James Version
In Context
19yonn sou bò dwat, yonn sou bò gòch. W'a kole yo byen kole sou kouvèti a pou yo fè kò avè l'.
Cross References
Genesis 3:24Se konsa, li te mete Adan deyò. Sou bò kote solèy leve nan jaden an, li mete kèk zanj cheriben ak yon manchèt klere kou dife nan men yo. Yo t'ap dragonnen nan tout direksyon pou anpeche moun pwoche bò pyebwa ki bay lavi a.
Exodus 37:7Li pran de gwo moso lò, li bat yo ak mato, li fè pòtre de zanj cheriben li moute sou de pwent kouvèti a,
1 Kings 6:23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
1 Chronicles 28:18Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.
Ezekiel 10:2Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l' konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l' ale vre.
Ezekiel 10:20Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.