1 Chronicles 28:18
Li di l' konbe bon lò l'ap bezwen pou fè lotèl lansan an, ak lò pou fè kabwa a, pou pòtre zanj cheriben yo ak zèl yo louvri sou Bwat Kontra Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:18W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,
Exodus 30:1W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
1 Kings 6:23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
Psalms 18:10(018:11) Li moute sou do yon zanj cheriben, li t'ap vole. Yon kouran van t'ap pouse l' ale.
Psalms 80:1(080:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l' sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. (080:2) Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k'ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
Ezekiel 1:15Mwen t'ap gade bèt yo, mwen wè kat wou k'ap woule atè, yonn bò yo chak.