Exodus 28:41
Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:4Men ki rad pou yo fè: yon plastwon, yon jile, yon gwo rad long, yon chemiz byen bwode, yon gwo mouchwa pou vlope tèt ak yon sentiwon. y'a fè rad sa yo pou Arawon, frè ou la, ak pou pitit li yo pou yo ka sèvi m' prèt.
Exodus 29:9W'a pase sentiwon nan ren yo, w'a mete bonnèt yo nan tèt yo. Se yo menm k'ap sèvi m' prèt dapre yon lwa ki la pou tout tan. Se konsa w'a bay Arawon ak pitit gason l' yo pouvwa pou fè sèvis Bondye.
Exodus 29:35W'a fè tou sa m' te ba ou lòd fè pou Arawon ansanm ak pitit gason l' yo. W'a pase sèt jou ap fè sèvis pou mete yo apa pou sèvis mwen.
Exodus 30:25Avèk tou sa, w'a fè yon lwil jan moun ki konn fè odè a fè. Lwil sa a va sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye. Se avèk lwil sa a w'a sèvi pou mete moun osinon nenpòt bagay apa pou sèvis Bondye.
Exodus 30:35W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.
Leviticus 8:1Seyè a pale ak Moyiz, li di l' konsa: