Exodus 30:35
W'a fè yon lansan ak yo san ankenn kras ladan l', menm jan moun ki konn fè odè yo fè sa. W'a mete yon ti sèl ladan l', w'a mete l' apa pou mwen.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 28:41Apre sa, w'a mete rad yo sou Arawon, frè ou la, ansanm ak pitit gason l' yo. Lèfini, w'a vide lwil sou tèt yo, w'a ba yo pouvwa pou yo fè sèvis Bondye. W'a mete yo apa pou mwen pou yo ka sèvi m' prèt.
Leviticus 2:13W'a simen sèl sou tout ofrann w'ap fè, paske sèl la se pou fè ou chonje kontra Bondye te pase avè ou la. Wi, se pou nou mete sèl sou tou sa n'ap ofri.
1 Kings 1:39Zadòk, prèt la, pran kòn lwil ki te nan Tant Randevou a, li vide ti gout sou tèt Salomon. Yo kònen twonpèt, tout pèp la pran rele: Viv wa Salomon!
Psalms 133:2Se tankou yon lwil santi bon yo vide sou tèt Arawon, k'ap koule sou bab li desann nan kou rad li.
Song of Solomon 1:3Ou gen yon bon sant k'ap soti nan tout kò ou. Depi yo tande non ou, sant ou vin nan nen yo. Se sa ki fè jenn fi yo renmen ou konsa!
John 12:3Lè sa a, Mari pran yon boutèy demi lit plen yon odè ki fèt ak yon fèy yo rele na. Odè sa a te vann byen chè. Li vide tout odè a sou pye Jezi. Apre sa, li siye yo ak cheve li. Tout kay la te plen sant odè a.