Exodus 29:22
Wete tout grès dezyèm belye mouton an: ke a ak tout grès li, grès ki vlope tripay yo, moso grès ki sou fwa a, de wonyon yo ak tout grès yo, ansanm ak jigo dwat la, paske se yon belye k'ap sèvi nan sèvis pou mete prèt yo apa a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 3:9Nan bèt yo ofri a, l'a pran pati sa yo: grès la, ke y'a koupe ra koupyon an, grès ki vlope tripay la,
Leviticus 7:32N'a pran jigo dwat bèt li te ofri pou di Bondye mèsi a, n'a bay prèt la li pou li prezante l' tankou yon ofrann devan Seyè a.
Leviticus 9:19Apre sa, Arawon pran tout moso grès towo a ak moso grès belye a, ke yo, grès ki vlope zantray yo, mas fwa yo, grès ki kouvri wonyon yo.
Leviticus 10:14Konsa tou, nou menm ak tout fanmi nou, fi kou gason, nou gen dwa manje pwatrin yo balanse devan Seyè a ak jigo yo te ofri bay Seyè a pou prèt yo. N'a manje yo yon kote yo mete apa pou sèvis Seyè a. Paske, pòsyon sa yo se pou nou yo ye, pou nou ansanm ak pitit nou yo. Se nan ofrann moun Izrayèl yo fè pou di Bondye mèsi yo soti.
1 Samuel 9:24Chèf kizin lan pran jigo a avèk tout vyann ki te avè l' la, li mete l' devan Sayil. Samyèl di li: -Gade, men moso yo te sere pou ou a. Manje l', paske se pou ou mwen te fè mete l' apa lè mwen t'ap envite pèp la. Se konsa Sayil manje ansanm ak Samyèl jou sa a.