Exodus 29:21
Pran ti gout nan san ki sou lòtèl la ansanm ak ti gout nan lwil pou mete moun apa a, voye yo sou Arawon ak sou rad li yo, sou pitit gason l' yo ak sou rad yo tou. Konsa, w'a mete Arawon ak pitit gason l' yo ansanm ak tout rad yo apa pou mwen nèt.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:7Lèfini, w'a pran lwil pou mete moun apa a, w'a vide l' sou tèt Arawon. Konsa, w'a mete l' apa pou mwen.
Exodus 30:30Lèfini, w'a vide lwil la sou Arawon ak sou pitit gason l' yo. Konsa w'a mete yo apa pou yo ka sèvi m' prèt.
Leviticus 8:30Lè sa a, Moyiz pran ti gout nan lwil pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, li melanje l' ak san ki te sou lotèl la, li voye l' sou Arawon ak sou tout rad li yo, sou pitit gason Arawon yo ak sou tout rad yo.
Leviticus 14:29Lèfini, l'a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l'a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
Isaiah 11:2Lespri Bondye a pral desann sou li. L'ap ba li bon konprann ak lespri. L'ap ba li konesans ak ladrès pou l' dirije. L'ap fè l' konn Seyè a, l'ap fè l' gen krentif pou li.
John 17:19Se pou yo m'ap viv jan ou vle l' la, pou yo menm tou yo ka viv jan ou vle l' la, gremesi verite a.