Exodus 29:28
Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 29:27W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo.
Leviticus 7:11Men regleman pou yo swiv lè yon moun ap fè ofrann bay Bondye pou di l' mèsi:
Leviticus 10:15Wi, y'a pote jigo ak pwatrin y'ap ofri pou boule ansanm ak pòsyon grès y'ap ofri pou boule nan dife pou Seyè a. Y'a balanse yo devan Bondye. Pòsyon sa yo va toujou rete pou ou ansanm ak pou pitit ou yo, jan Seyè a te bay lòd la.
Numbers 5:10Tout ofrann yon moun pote bay prèt la va rete pou prèt la. Tou sa yon moun pote renmèt va rete pou prèt la tou.
Numbers 15:19lè n'ap manje manje peyi a va bay, n'a wete yon pòsyon, n'a mete l' apa pou nou fè Seyè a kado.
Numbers 18:8Apre sa, Seyè a di Arawon konsa: -Chonje mwen pran yon pòsyon nan tout ofrann moun pèp Izrayèl yo fè pou mwen, mwen ba ou yo. Se va pòsyon ki va toujou rete pou ou ak pou pitit gason ou yo depi lè mwen te mete nou apa pou mwen an, dapre regleman ki la pou tout tan tout tan an.