The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 29 › Exodus 29:27

Exodus 29:27

W'a pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon ak pitit gason l' yo apa a, w'a mete yo apa pou Seyè a. W'a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann. W'a fè menm bagay la tou pou jigo w'ap wete pou prèt yo.

Bib La

In The King James Version

And thou shalt sanctify the breast of the wave offering, and the shoulder of the heave offering, which is waved, and which is heaved up, of the ram of the consecration, even of that which is for Aaron, and of that which is for his sons:

In Context

26Pran vyann pwatrin belye ki te sèvi nan sèvis pou mete Arawon apa a, w'a balanse l' devan Seyè a tankou yon ofrann. Se va pòsyon pa ou la sa.

28Dapre lòd mwen bay pèp Izrayèl pou tout tan an, moso vyann sa yo va pou Arawon ak pou pitit gason l' yo. Se va yon kado pèp Izrayèl la pral blije fè. Se pòsyon yo va toujou wete pou prèt yo, pòsyon pèp Izrayèl la va toujou bay nan ofrann y'ap fè pou di mèsi. Se kado y'a bay Seyè a.

Read all of Exodus 29

Cross References

Leviticus 7:37Men regleman pou yo swiv lè y'ap fè ofrann pou yo boule pou Seyè a, lè y'ap fè ofrann grenn ki soti nan jaden yo, lè y'ap fè ofrann pou peche moun fè san yo pa konnen, ofrann pou peye pou sa yo fè ki mal, ofrann pou lè y'ap mete prèt yo apa pou Bondye, ofrann pou di Bondye mèsi.

Leviticus 9:21Men, li pran moso pwatrin yo ak jigo dwat yo, li balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann, jan Moyiz te ba li lòd fè a.

Numbers 6:20Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y'a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven.

Numbers 18:18Men, vyann yo va rete pou ou ansanm ak vyann pwatrin lan ak jigo dwat ki te deja pou ou a.

Deuteronomy 18:3Lè yon moun nan pèp la vin ofri yon bèf osinon yon kabrit, oswa yon mouton pou yo touye pou Seyè a, men pòsyon ki va rete pou prèt fanmi Levi a. Men pòsyon y'a ba li: jigo a, machwè yo ak gradoub la.

Hebrews 7:28Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 29:27

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 29:26Exodus 29Exodus 29:28 →