Exodus 30:1
W'a fè yon lòtèl an bwa zakasya pou boule lansan.
Bib La
In The King James Version
And thou shalt make an altar to burn incense upon: of shittim wood shalt thou make it.
In Context
Cross References
Exodus 30:10Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.
Exodus 35:15lòtèl pou boule lansan an ak tout manch li yo, lwil yo sèvi pou mete moun apa pou sèvis Bondye a, lansan santi bon, rido pou fèmen kote yo antre nan tant lan,
Exodus 39:38lòtèl fèt an lò a, lwil pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, lansan ki santi bon an ak rido pou fèmen kote pou antre nan tant lan,
Leviticus 4:7Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.
Numbers 4:11Apre sa, y'a mete yon dra ble sou lotèl an lò a, y'a kouvri l' nèt ak yon nap an po bazann, epi y'a pase manch pou pote lotèl la nan bag yo.
1 Kings 7:48Salomon te fè fè tout mèb yo te bezwen pou Tanp lan an lò: lotèl la, tab pou pen yo mete apa pou Bondye a,