The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 30 › Exodus 30:10

Exodus 30:10

Yon fwa chak lanne, Arawon va fè yon seremoni sou kòn lòtèl la pou Bondye ka fè gras. Yon fwa chak lanne, avèk san bèt yo touye pou mande padon pou peche a, l'a mande gras pou lòtèl la. Se pou yo toujou fè sa de pitit an pitit. Lòtèl sa a, se yon lòtèl ki fèt pou yo mete apa nèt pou Seyè a.

Bib La

In The King James Version

And Aaron shall make an atonement upon the horns of it once in a year with the blood of the sin offering of atonements: once in the year shall he make atonement upon it throughout your generations: it is most holy unto the LORD.

In Context

9Se pa pou nou ofri sou lòtèl la lansan ki pa fèt tout espre pou sèvis la, ni vyann bèt ki fèt pou boule, ni lòt manje. Ni se pa pou nou ofri ankenn bwason sou li non plis.

11Seyè a di Moyiz:

Read all of Exodus 30

Cross References

Leviticus 4:7Apre sa, l'a pran ti gout nan san an, l'a mete l' sou kat kòn lotèl lansan an ki anndan Tant Randevou a. L'a vide rès san an nan pye lotèl kote yo boule bèt yo ofri yo, ki bò pòt kote yo antre nan tant lan.

Leviticus 16:5Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.

Leviticus 16:29Men regleman pou nou fè tout tan tout tan jouk sa kaba. Sou dizyèm jou nan setyèm mwa a, tout moun pèp Izrayèl yo ansanm ak tout moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou yo va fè jèn, yo p'ap fè ankenn travay jou sa a.

Hebrews 1:3Pitit sa a reflete limyè bèl pouvwa Bondye a, se bon pòtre Bondye li ye. Se li menm k'ap soutni tout bagay ak pouvwa pawòl li. Lè li fin delivre moun anba peche yo, li moute chita anwo nan syèl la, sou bò dwat Bondye, Gran Wa a.

Hebrews 9:22Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 30:10

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 30:9Exodus 30Exodus 30:11 →