Leviticus 16:5
Moun pèp Izrayèl yo va bay Arawon de bouk kabrit ak yon belye. Bouk kabrit yo va sèvi ofrann pou mande Bondye fè gras. Belye a menm, y'a boule l' nèt pou Seyè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Leviticus 1:10Si se yon ti bèt moun lan vle ofri pou boule nèt pou Seyè a, l'a ofri yon ti bouk kabrit osinon yon belye mouton ki pa gen ankenn enfimite.
Leviticus 4:13Si se tout pèp Izrayèl la ki fè peche san yo pa fè espre, si yo antò devan Bondye paske, san yo pa konnen, yo fè yon bagay Seyè a te ba yo lòd pou yo pa fè,
Leviticus 8:14Apre sa, Moyiz fè mennen ti towo yo ofri pou peye pou sa moun fè ki mal la. Arawon ak pitit gason l' yo mete men yo sou tèt li.
Leviticus 9:8Se konsa Arawon pwoche bò lotèl la, li touye ti towo bèf li te bay pou ofrann pou peye pou sa li te fè ki mal.
2 Chronicles 29:21Yo mennen sèt ti towo, sèt belye mouton, sèt ti mouton, sèt bouk kabrit, yo ofri yo pou peye pou sa fanmi wa a ak tout moun pèp Jida yo te fè ki mal ak pou sa moun te fè ki mal nan Tanp lan. Wa a mande prèt yo, moun fanmi Arawon yo, pou yo touye bèt yo sou lotèl Seyè a.
Ezekiel 45:22Sou premye jou fèt la, wa a gen pou l' ofri yon towo bèf pou yo touye pou mande Bondye padon pou peche l' yo ak pou peche tout pèp la.