Exodus 32:11
Moyiz kriye nan pye Seyè a, Bondye l' a, li di l': -Seyè, poukisa pou ou ta koute kòlè ou pou ou fache sou pèp ki pou ou a, pèp ou menm menm te fè moute soti kite Lejip avèk gwo pouvwa ou, avèk fòs ponyèt ou?
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:6Men sa ou pral di moun pèp Izrayèl yo: Se mwen menm menm ki Seyè a. M'ap ban nou libète nou, m'ap wete nou nan travay di moun peyi Lejip yo ap fòse nou fè a. M'ap delivre nou anba esklavaj kote yo mete nou an. M'ap lonje bra m' pou m' delivre nou, pou pini moun peyi Lejip yo byen pini.
Numbers 11:11Lè sa a, Moyiz di Seyè a konsa: -Poukisa ou aji mal avè m' konsa? Kisa m' fè ki pa fè ou plezi? Poukisa ou mete tout pèp sa a sou kont mwen?
Numbers 16:22Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l' pa t' dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
Numbers 27:4Se pa paske papa nou pa t' gen pitit gason kifè pou non li disparèt nan fanmi an. Ban nou yon pòsyon tè tou nan mitan fanmi papa nou.
Deuteronomy 9:26mwen te lapriyè Seyè a pou nou, mwen di l' konsa: O Seyè, Bondye mwen, tanpri! Pa detwi pèp ou a, pèp ki rele ou pa ou la, pèp ou te delivre ak pouvwa ou la, pèp ou te fè soti kite peyi Lejip ak fòs ponyèt ou a.
Psalms 106:23Se konsa Bondye di l'ap detwi pèp li a. Men, Moyiz, moun li te chwazi a, kanpe devan li. Li mande l' pou l' pa fè kòlè jouk pou li ta detwi yo.