Exodus 32:12
Atò, sa pou moun peyi Lejip yo di? y'a di: Ala Bondye malveyan! Li fè yo soti kite Lejip pou l' te ka touye yo nan mòn yo, pou l' te ka disparèt yo sou latè. Seyè, pa koute kòlè ou! Chanje lide. Pa fè malè sèk sa a tonbe sou pèp ou a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 32:14Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
Numbers 14:16se kapab ou pa t' kapab mennen pèp la nan peyi ou te fè sèman w'ap ba yo a kifè ou touye yo nan dezè a.
Deuteronomy 9:28Mwen pa ta vle pou nan peyi kote ou fè nou soti a moun yo ta di: Wi, Seyè a pa t' ka mennen yo nan peyi li te pwomèt l'ap ba yo a. Se rayi li rayi yo kifè li fè yo soti kite peyi Lejip la pou l' touye yo nan dezè a.
Deuteronomy 32:26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
Deuteronomy 32:36Seyè a pral pran defans pèp li a, lè l'a wè tout fòs yo fin desann. Li pral gen pitye pou sèvitè l' yo, lè l'a wè pa gen anpil ankò ki rete, ni anndan peyi a, ni deyò.
Joshua 7:26Yo mete yon gwo pil wòch sou yo. Gwo pil wòch sa a la jouk jòdi a. Se poutèt sa, jouk jòdi a, yo rele kote sa a Fon Malè. Se konsa Seyè a te sispann move sou pèp la.