Exodus 32:14
Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
Bib La
In The King James Version
And the LORD repented of the evil which he thought to do unto his people.
In Context
Cross References
Numbers 14:20Seyè a di: -M'ap padonnen yo, jan ou mande m' lan.
Deuteronomy 32:26Mwen te di mwen tapral detwi yo nèt, pou pesonn pa janm chonje yo ankò sou latè.
Judges 2:18Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t'ap soufri anpil anba moun ki t'ap pèsekite yo ak anba moun ki t'ap peze yo.
1 Chronicles 21:15Seyè a te voye zanj li sou lavil Jerizalèm pou detwi l'. Lè zanj lan konmanse fè travay li, Seyè a wè sa, li fè lide sispann chatiman an. Li di zanj ki t'ap touye moun yo: -Sispann! Kenbe men ou! Lè sa a, zanj lan te gen tan toupre glasi Onan an, moun lavil Jebis la.
Psalms 106:45Li chonje kontra li te pase ak yo, li gen pitye pou yo paske li renmen yo anpil.
Jeremiah 26:13Koulye a, se pou nou chanje jan n'ap viv la, sispann fè sa ki mal. Koute sa Seyè a, Bondye nou an, ap di nou. Lè sa a, l'a chanje lide, li p'ap voye malè li te di l'ap voye sou nou an.