Exodus 32:15
Moyiz pran chemen pou l' tounen. Li desann soti nan mòn lan avèk de ròch plat kontra a nan men l'. Ròch yo te ekri sou tout kò yo, devan kou dèyè.
Bib La
In The King James Version
In Context
14Lè sa a, Seyè a chanje lide, li pa voye malè sèk li te fè lide voye sou pèp la ankò.
Cross References
Exodus 24:12Seyè a di Moyiz konsa: -Moute sou mòn lan bò kote m'. Rete la. m'a ba ou de ròch plat avèk lalwa ak regleman mwen te ekri sou yo pou fè levasyon pèp la.
Exodus 31:18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Exodus 40:20Li pran ròch kontra yo, li mete yo nan bwat la. Li pase manch yo nan bag yo, epi li mete kouvèti a anwo bwat la.
Deuteronomy 9:15Mwen desann soti nan mòn lan ki te plen flanm dife: mwen te gen de wòch kontra yo nan men m'.
Revelation 5:1Apre sa, mwen wè yon liv nan men dwat moun ki te chita sou fòtèy la. Liv la te gen fòm yon woulo papie, li te ekri sou anndan ak sou deyò. Li te sele sèt kote.