Exodus 32:7
Lè sa a, Seyè a di Moyiz: -Ale non, ou mèt desann. Paske pèp ou a, pèp ou te fè moute soti nan peyi Lejip la, gen tan deraye, yo lage tèt yo nan bwa.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 19:24Lè sa a Seyè a di Moyiz: -Desann non. Epi tounen ansanm ak Arawon. Men pa kite prèt yo ak pèp la depase limit ou te ba yo a pou yo kouri vin kote m'. Si yo fè sa, m'ap touye yo.
Exodus 32:4Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.
Exodus 33:1Seyè a di Moyiz: -Leve non, ou menm ak tout pèp ou te fè soti kite Lejip la. Kite kote nou ye a. Pran chemen pou n' ale nan peyi mwen te sèmante bay Abraram, Izarak ak Jakòb la, lè m' te di yo m'ap ba yo tè sa a pou pitit pitit yo.
Deuteronomy 9:12Epi li di m' konsa: Leve non, desann mòn lan byen vit, paske pèp ou a, pèp ou te mennen soti kite peyi Lejip la, lage kò l' nan fè sa ki mal. Yo pa tann lontan pou yo kite chemen mwen te mete devan yo pou yo swiv la. Yo gen tan fonn metal, yo fè yon zidòl pou tèt pa yo.
Deuteronomy 32:5Se yo menm, pèp li a, ki pa kenbe pawòl yo, bagay yon bon pitit Bondye pa ta janm fè. Se yon bann mechan k'ap mache twonpe moun.
2 Chronicles 27:2Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l', te fè. Tansèlman, li pa t' janm mete pwent pye l' nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.