Exodus 33:9
Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Genesis 17:22Lè Bondye fin pale avèk Abraram, li kite l', li moute nan syèl.
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Exodus 31:18Lè Seyè a te fin pale konsa ak Moyiz sou mòn Sinayi a, li ba li de ròch plat kote li te ekri kontra a ak pròp men li.
Exodus 34:3Pa kite pesonn moute avè ou. Pa kite pesonn parèt sou mòn lan. Ata mouton ak bèf pa pou vin manje twò pre mòn lan.
Numbers 7:89Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.
Deuteronomy 31:15Seyè a parèt devan yo anndan Tant Randevou a, nan yon nwaj ki te gen fòm yon gwo poto devan pòt tant lan.