Numbers 7:89
Chak fwa Moyiz te antre nan Tant Randevou a pou l' pale ak Seyè a, li te tande vwa Seyè a ki t'ap pale avè l' anwo kouvèti espesyal ki sou Bwat Kontra a, nan mitan de zanj cheriben yo.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 25:18W'a fè pòtre de zanj cheriben an lò. y'a pran lò a, y'a bat li ak mato pou yo fè pòtre yo. W'a mete yo anwo kouvèti a,
Exodus 33:9Depi Moyiz antre nan tant lan, poto nwaj la desann, li kanpe sou papòt tant lan. Epi Seyè a pran pale ak Moyiz.
Numbers 1:1Premye jou dezyèm mwa nan dezyèm lanne depi moun pèp Izrayèl yo te soti kite peyi Lejip la, antan yo te nan dezè Sinayi a, Seyè a pale ak Moyiz nan Tant Randevou a. Li di l' konsa:
Numbers 12:8Mwen pale avè l' aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l' wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m' lan, mal?
1 Kings 6:23Apre sa, li fè fè de estati zanj cheriben yo an bwa oliv pou pyès ki apa nèt pou Seyè a. Chak estati te gen kenz pye wotè.
Psalms 99:1Se Seyè a ki wa! Pèp yo ap tranble. Li chita sou fotèy li anwo zanj cheriben yo. Tout moun sou latè ap tranble!