The Bible Software
bible.software › Exodus › Exodus 34 › Exodus 34:11

Exodus 34:11

Se pou ou swiv tout kòmandman mwen ba ou jòdi a. M'ap mete moun Amori yo deyò, ansanm ak tout moun Kanaran yo, tout moun Et yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo, pou yo fè plas pou nou.

Bib La

In The King James Version

Observe thou that which I command thee this day: behold, I drive out before thee the Amorite, and the Canaanite, and the Hittite, and the Perizzite, and the Hivite, and the Jebusite.

In Context

10Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.

12Pran prekosyon nou pou nou pa antre nan ankenn konfyolo ak moun ki rete nan peyi kote nou prale a, paske sa ka tounen yon pèlen pou nou.

Read all of Exodus 34

Cross References

Genesis 15:18Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la.

Exodus 3:8Mwen desann pou m' vin delivre yo anba men moun peyi Lejip yo, pou m' fè yo soti nan peyi Lejip la, pou m' mennen yo nan yon gwo peyi ki gen bon tè, yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo. Se la moun Kanaran yo rete ansanm ak moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.

Exodus 8:27Se pou nou mache twa jou nan dezè a. Se la n'a touye bèt n'ap ofri bay Seyè a, Bondye nou an, jan li te di nou an.

Deuteronomy 4:1Apre sa, Moyiz di pèp la: -Koulye a, nou menm pèp Izrayèl, se pou nou kenbe tout lòd ak tout prensip mwen te moutre nou yo. Se pou nou mache dapre lòd sa yo pou nou ka viv, pou nou ka antre nan peyi Seyè a, Bondye zansèt nou yo, ap ban nou an.

Deuteronomy 5:32Veye kò nou pou nou viv jan Seyè a, Bondye nou an, te mande nou viv la. Pa vire ni adwat ni agoch.

Deuteronomy 6:25Si nou vle fè Bondye plezi, se pou nou fè atansyon pou nou swiv tout kòmandman sa yo nèt, se pou nou mache devan Seyè a, Bondye nou an, jan li te mande nou an.

This Verse In Other Editions

King James VersionBíblia Portuguesa MundialLuther Bibel (Deutsch)Bible Louis Segond (Français)Библия (Русский)新标点和合本성경 (한국어)الكتاب المقدس باللغة العربية، فان دايكBibbia Diodati (Italiano)Kinh Thánh (Tiếng Việt)Biblia Cornilescu (Română)Polish Biblia Gdanska (1881)Statenvertaling (Nederlands)

Study Exodus 34:11

Matthew HenryJamieson-Fausset-BrownAdam ClarkeJohn WesleyJohn CalvinKeil and DelitzschScofieldFamily Bible NotesGeneva Bible Notes (1599)
← Exodus 34:10Exodus 34Exodus 34:12 →