Exodus 34:10
Seyè a reponn: -Mwen pral fè yon kontra avèk nou. Devan tout pèp la, mwen pral fè gwo bèl bagay, bèl bagay ankenn peyi sou latè ni ankenn nasyon poko janm wè. Konsa, tout pèp ki avè ou yo pral wè travay Seyè a ka fè, paske mwen pral sèvi avè ou pou m' fè yon bagay estraòdinè.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 34:27Seyè a di Moyiz ankò: -Ekri tout pawòl sa yo, paske se dapre pawòl sa yo m'ap siyen kontra m' lan avè ou ansanm avèk pèp Izrayèl la.
Deuteronomy 4:32Chache konnen sa ki te pase nan tan lontan, nan tan ki te la anvan nou te fèt, depi lè Bondye te mete moun sou latè. Ale toupatou sou latè, mande si yon gwo bagay konsa te janm rive. Eske yo janm tande yon gwo koze tankou koze sa a?
Deuteronomy 10:21N'a fè lwanj li, se li menm ki Bondye nou. Nou te wè ak je nou tout gwo bagay ak bèl mèvèy li te fè pou nou.
Deuteronomy 32:30Kouman ou ta vle pou yon sèl grenn lènmi fè mil ladan yo kouri, pou de grenn lènmi fè dimil ladan yo kraze rak? Se sèlman paske Seyè a lage yo, paske moun ki te konn pwoteje yo a vire do ba yo.
Joshua 10:12Jou Seyè a te lage moun Amori yo nan men moun pèp Izrayèl yo, Jozye pale ak Seyè a devan tout pèp la, li di: -Solèy! Rete klere sou lavil Gabawon! Lalin! Rete klere sou Pon Ayalon!
Psalms 65:5(065:6) Bondye, ou menm k'ap delivre nou, w'ap reponn nou, paske ou pa nan patipri. w'ap fè bèl bagay pou nou. Moun toupatou sou latè, moun byen lwen lòt bò lanmè ap mete konfyans yo nan ou.