Exodus 38:23
Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 31:6Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.
Exodus 36:1Bezaleyèl, Owoliyab ansanm ak tout moun ki gen konprann, tout moun Seyè a te bay ladrès ak konesans pou yo ka fè tou sa ki nesesè pou kay Bondye a, se pou yo fè tout bagay jan Seyè a te bay lòd la.