Exodus 31:6
Nan travay sa a, mwen bay Bezaleyèl yon lòt bòs pou ede l' nan travay la: se Owoliyab, pitit Ayisamak, moun branch fanmi Dann. Konsa tou, tout lòt moun nan pèp Izrayèl la n'a wè ki gen ladrès, konnen se mwen menm ki ba yo l' pou yo ka fè sa mwen mande ou fè a.
Bib La
In The King James Version
In Context
Cross References
Exodus 6:26Se menm Arawon sa a ansanm ak Moyiz Seyè a te di: Fè pitit Izrayèl yo soti kite peyi Lejip la, gwoup pa gwoup.
Exodus 35:4Moyiz pale ak tout pèp Izrayèl la ki te sanble, li di yo: -Men sa Seyè a ban nou lòd fè:
Exodus 35:25Tout fanm ki te gen ladrès te file fil koulè ble, violèt ak wouj, ak twal fen koulè blan, epi yo pote yo vini.
Exodus 36:8Yo pran ouvriye ki te pi abil nan travay la pou fè tant lan. Yo fè l' ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, twal lenn koulè ble, violèt, wouj, avèk pòtre zanj cheriben bwode byen bèl sou tout kò l'.
Exodus 38:23Se Owoliyab, pitit Ayisamak, nan branch fanmi Dann lan, ki te ede l'. Owoliyab sa a te yon bon bòs atizan ki te konn fè desen. Li te konn bwode lenn ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan.
1 Kings 3:12M'ap ba ou sa ou mande a, m'ap ba ou plis konesans ak plis bon konprann pase tout moun, pase ni sa ki te la anvan ou yo, ni sa k'ap vin apre ou.