Exodus 40:36
Pandan tout tan moun pèp Izrayèl yo t'ap vwayaje a, se sèlman lè nwaj la te leve soti anwo tant lan yo te ka derape.
Bib La
In The King James Version
In Context
37Men, si nwaj la pa t' leve anwo tant lan, yo pa t' pati. Yo te tann jouk nwaj la te leve.
Cross References
Exodus 13:21Lajounen, Seyè a t'ap mache devan yo nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto pou moutre yo chemen pou yo pran. Lannwit, li t'ap mache devan yo nan yon dife ki te tankou yon flanm ki t'ap klere yo. Konsa, yo te ka vwayaje lajounen kou lannwit.
Numbers 9:22Toutotan nwaj la te rete la anwo tant lan san deplase, li te mèt de jou, yon mwa, yon lanne, yo menm tou, yo pa t' deplase. Men, leve nwaj la leve, yo leve, yo pati.
Numbers 10:33Se konsa, pèp la leve li pati, li kite mòn Sinayi a, mòn Seyè a, yo mache twa jou. Epi Bwat Kontra Seyè a pran devan yo tout pou chache yon kote pou yo moute tant yo.
Nehemiah 9:19Men, ou pa vire do ou kite yo nan dezè a, sitèlman ou te gen anpil pitye pou yo. Ou pa t' wete nwaj ki t'ap moutre yo chemen pou yo pran lajounen, ni gwo flanm dife ki t'ap klere chemen pou yo te pran lannwit.
Psalms 105:39Seyè a mete yon nwaj pou pwoteje yo lajounen, yon dife pou klere yo lannwit.
2 Corinthians 5:19Paske nan Kris la, Bondye t'ap fè tou sa li te kapab pou fè moun vin byen avè l' ankò. Li pa t' gade sou peche lèzòm te fè. Se li menm ki mete mwen la pou fè lèzòm konnen ki jan l'ap fè yo byen avè l' ankò.